Tout Sou Martingale ak Lòt Varyasyon Li yo: Gid Konplè Pou Paryeur Entèlijan
Nan mond pari espò yo, gen anpil estrateji paryeur itilize pou ogmante chans yo fè pwofi. Jan nou te di a metòd Martingale se youn nan pi popilè , men gen plizyè lòt varyasyon ki ofri diferan nivo "risk" ak fleksibilite. Nan atik sa a, nou pral dekouvri Martingale yo
Ann eksplore yo youn pa youn pou konprann avantaj ak dezavantaj chak metòd.
1. Martingale Tradisyonèl
Prensip: Doubliye mise ou apre chak pèt. Objektif la se ke yon sèl viktwa kouvri tout pèt yo epi fè yon ti benefis.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (pèt, total pèt: 500 Goud).
• Dezyèm parye: 1,000 Goud (pèt, total pèt: 1,500 Goud).
• Twazyèm parye: 2,000 Goud (viktwa, total benefis: 500 Goud).
👉 Avantaj:
• Fasil pou aplike.
• Kouvri tout pèt yo ak yon sèl viktwa.
⚠️ Dezavantaj:
• Mise yo ogmante rapidman, sa ki mande yon gwo bankroll.
• Limit maksimòm bookmakè yo ka bloke estrateji a.
• Trè riske si gen yon seri defèt long.
2. Anti-Martingale (Martingale Inverse)
Prensip: Olye w ogmante mise apre yon pèt, ou ogmante li apre yon viktwa epi diminye apre yon pèt.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (viktwa, double mise).
• Dezyèm parye: 1,000 Goud (viktwa, double ankò).
• Twazyèm parye: 2,000 Goud (pèt, retounen nan 500 Goud).
👉 Avantaj:
• Maksimize pwofi pandan yon seri viktwa.
• Limite pèt pandan yon seri defèt.
⚠️ Dezavantaj:
• Mande yon seri viktwa pou pwofi yo ogmante.
• Mwens efikas si viktwa yo pa regilye.
3. Grand Martingale
Prensip: Double mise ou apre yon pèt epi ajoute yon montan anplis.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (pèt).
• Dezyèm parye: 1,100 Goud (pèt: double + 500 Goud).
• Twazyèm parye: 2,300 Goud (viktwa).
👉 Avantaj:
• Pwofi yo pi gwo lè ou genyen.
⚠️ Dezavantaj:
• Mise yo ogmante trè rapidman, sa ki fè risk yo pi wo.
• Bezwen yon bankroll trè solid.
4. Mini-Martingale
Prensip: Limite kantite fwa ou double mise ou (pa egzanp, sèlman 3 a 4 fwa).
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (pèt).
• Dezyèm parye: 1,000 Goud (pèt).
• Twazyèm parye: 2,000 Goud (pèt, sispann).
👉 Avantaj:
• Limite pèt posib pandan yon seri defèt.
• Mande yon bankroll pi piti.
⚠️ Dezavantaj:
• Si ou pèdi tout sik la, ou pap kouvri pèt yo.
5. Fibonacci Martingale
Prensip: Sèvi ak sekans Fibonacci pou detèmine mise ou apre yon pèt. Sekans lan ap mache konsa: 1, 1, 2, 3, 5, 8, 13, elatriye.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (pèt).
• Dezyèm parye: 500 Goud (pèt).
• Twazyèm parye: 1,000 Goud (pèt).
• Katriyèm parye: 1,500 Goud (viktwa).
👉 Avantaj:
• Mise yo ogmante pi dousman pase Martingale tradisyonèl.
• Mwens risk pou fini bankroll ou.
⚠️ Dezavantaj:
• Rekouvreman pèt yo pran plis tan.
• Mande bon kalkil pou swiv sekans lan.
6. Paroli Martingale
Prensip: Ogmante mise ou sèlman lè w genyen epi retounen nan mise inisyal ou apre yon pèt.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (viktwa, double mise).
• Dezyèm parye: 1,000 Goud (viktwa, double ankò).
• Twazyèm parye: 2,000 Goud (pèt, retounen nan 500 Goud).
👉 Avantaj:
• Risk yo pi ba.
• Bon estrateji pou pwofi pandan yon seri viktwa.
⚠️ Dezavantaj:
• Pwofi total yo depann de kantite viktwa konsèkitif.
7. Pyramide de d’Alembert
Prensip: Ogmante mise ou pa yon montan fiks apre yon pèt, epi diminye li pa menm montan fiks apre yon viktwa.
Egzanp:
• Premye parye: 500 Goud (pèt).
• Dezyèm parye: 600 Goud (pèt).
• Twazyèm parye: 700 Goud (viktwa, diminye mise).
• Katriyèm parye: 600 Goud.
👉 Avantaj:
• Risk yo mwens agresif pase Martingale tradisyonèl.
• Pi fleksib pou ti bankroll.
⚠️ Dezavantaj:
• Fè pwofi mande plizyè viktwa youn apre lòt.
Konklizyon: Kiyès ki pi bon pou ou?
Chwa estrateji a depann de tolerans ou pou risk, gwosè bankroll ou, ak objektif ou nan pari.
• Pou gwo bankroll ak moun ki renmen risk: Martingale tradisyonèl oswa Grand Martingale.
• Pou risk modere: Anti-Martingale, Mini-Martingale, oswa Pyramide de d’Alembert.
• Pou estrateji ki pi pridan: Fibonacci oswa Paroli.